WHRDs Policy Recommendations
WHRD's Policy Recommendations in Creole
Kowalisyon Entènasyonal Fanm Defansè Dwa Moun
Rekòmandasyon sou politik ki dwe adrese pwoblèm ak bezwen kritik nan kesyon sekirite pou fanm kap defann dwa moun ann Ayiti apre tranblemandtè le 12 janvye 2010 la
‘Byen souvan yo mete dwa moun tankou yon ‘si pleman’ nan entèvansyon nan yon ka ijans, setadi, pa gen tan pou evalye chak pwoblèm apa, nou fè sa nou konnen.’
-Jane Barry
Kowalisyon Entènasyonal Fanm Defansè Dwa Moun (WHRD IC) regrèt lanmò militan parèy li yo, Myriam Merlet, Magalie Marcelin ak Anne Marie Coriolan nan kokennchenn tranblemandtè ki frape Ayiti le 12 janvye 2010 la. Twa medam sa yo se te fondatè twa nan pi gwo òganizasyon ki defann dwa fanm. Myriam te fonde Enfofanm, yon òganizasyon ki fè moun pran konsyans kesyon fanm nan medya yo ; Magalie te tabli Kay Fanm, yon òganizasyon dwa fanm ki okipe kesyon vyolans nan fanmi; epi Anne Marie se te fondatè Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA), yon kowoperativ ki founi sèvis epi ki fè pledwaye. Kòm fanm lidè ki te aktif nan mouvman fanm ann Ayiti, lanmò yo epi lanmò anpil lòt moun ki defann dwa, e anplis de sa kantite moun ou pa menm ka konte ki pèdi lavi yo, tou sa reprezante yon gwo kou pou sosyete sivil la ann Ayiti.
Kowalisyon an di chapo ba pou jan kominote entènasyonal la reyaji rapidman e ak anpil jenerozite pou li pote soulajman imedyatman bay sinistre pa milye ki siviv katastwòf sa a. Asistans imanitè ki soti toupatou sou la tè jwe yon wòl enpòtan pou sove lavi moun epi pou louvri yon pwosesis rekiperasyon ak rekonstriksyon ki bay lespwa apre gwo destriksyon sa a ki se konsekans katastwòf la. Kowalisyon an salye tou efò anpil gwoup ak rezo sosyete sivil la ki soti nan tout kalite sektè e nan diferan peyi pou yo pataje resous epi pou yo pote asistans ak solidarite.
Nan peyi Dayiti, ki te deja gen anpil pwoblèm ak gouvènman gwoponyèt vyolan tou denyèman, vyolans ki se youn nan konsekans tranblemandtè a vin ajoute nan anbyans ensekirite ki te deja afekte peyi a. Menm anvan katastwòf la, Ayiti te gen difikilte pou li fè respekte dwa moun, sitou pou pwoteje fanm ak tifi kont vyolans. Deja nan lane ki pase yo, moun te wè tandans pou reprezantan leta abize moun, e sa te lakòz anpil tètchaje. Vyolans ki gen rapò ak sèks te kouran nan peyi a, e SOFA, yon òganizasyon dwa fanm, dokimante 295 ka kadejak nan yon peryòd 18 mwa ki fini nan mwad jwen 2008. Zak kadejak la vin dekrete kòm yon krim nan lane 2005 sèlman ann Ayiti, e kantite kondanasyon moun pran pou kadejak tèlman ba sa dwe fè moun lapèn. Youn nan rezon ki eksplike sa, se pase pa gen ase asistans nan domèn doktè ak avoka pou ede moun ki viktim kadejak. Afè restavèk la e trafik timoun se bagay ki egziste nan peyi a tou, e nan semenn ak mwa ki pral vini yo, sa kapab prezante gwo pwoblèm. Genyen tou yon chans enfeksyon VIH yo kapab akselere, e to a te deja wo ann Ayiti anvan tranblemandtè a, pase fanm te reprezante 60% nan 120,000 moun ke yo konnen ki enfekte.
Dapre sa prediksyon yo di, sa ki ap fèt kounyè a nan kesyon vyolans kont fanm epi ensekirite an jeneral pral vin pi grav pase leta ayisyen an pran kou limenm e lap gen mwens kapasite pou li gouvène epi fè respekte etadedwa. Anplis de sa, nan ka gwo katastwòf natirèl, gen tandans pou kantite ka vyolasyon dwa moun yo ogmante. Ki fè, se yon bagay ki obligatwa pou moun deklare klèman : dwa moun, ki gen ladan yo pwoteksyon egal-ego epi pwomosyon dwa fanm ak tifi, se yon eleman enpòtan nan konsepsyon ak livrezon tout èd ak asistans imanitè – pandan peryòd ijans lan e nan efò nan mwayen ak lon tèm yo pou rekonstwi peyi a. Se pou yo akòde yon atansyon espesyal pou yo soutni dwa fondamantal ki ekonomik, sosyal e kiltirèl. Menm jan fanm ki defann dwa moun yo menm di li : « Pou noumenm, se pou yo entegre kesyon sekirite a, e sa vle di travay, byenèt sosyal, devlopman ak souvrènte nasyonal….Sekirite an se pa pou chak moun sèlman, se pou kominote an. » [1]
Pou nou pale pi ak plis presizyon, Kowalisyon an sigjere eleman kap swiv yo kòm konsiderasyon pou reponn a pwoblèm kritik yo pou kreye yon sekirite entegre ann Ayiti aprè katastwòf la frape peyi an :
1. Sekirite ak apwi pou fanm kap defann dwa moun epi l òt militan ak travayè imanitè se yon eleman kle pou fè respekte dwa moun epi remete la pè ak sekirite nan peyi an. Entèvansyon ajans entènasyonal kap bay èd ak asistans, ONG entènasyonal yo ak lòt entèvenan etranje ki jwe yon wòl enpòtan anpil pou ede moun nan ijans sa a, pase leta ayisyen manke kapasite pou li travay nan tout domèn epi nan tout kote ki bezwen entèvansyon apre gwo enpak katastwòf la pote. Men kòm travay sa a se yon travay ki pwoviswa, se pou yo mete yon priyorite nan ede militan, travayè imanitè ak lòt defansè lokal yo fonksyonnen. Idantifikasyon bezwen ijan yo gen pou yo asire yo met ladan yo priyorite fanm epi lòt defansè pou yo kapab reprann yo epi retounen nan travay. Militans lidè e defansè lokal yo dwe antre nan entèvansyon asistans entènasyonal yo, e se pa pou konesans ak antouzias etranje vin anpyete sou travay entèvenan lokal yo ap fè depi lontan.
Sosyete sivil ayisyèn lan mande san ekivòk pou bayè yo pa pèmèt entèvansyon pou reponn a dezas la vin pran plas lòt travay enpòtan, men tou pou li kontinye bay jarèt a aktivite òganizasyon pa yo tap mennen anvan katastwòf la. Se pa pou yo retire resous nan inisyativ dwa moun ki egziste deja, tankou pwogram sou vyolans kont fanm, entèvansyon apre zak vyolans seksyèl tankou abri, ranfòse kapasite fanm pou patisipasyon politik sitou nan domèn ranfòse la pè, sèvis sante fanm e tretman pou VIH/SIDA, epi tou edikasyon ak pledwaye sou divès aspè nan defans dwa fondamantal fanm yo. Nan kontèks ensekirite ki swiv katastwòf la, bezwen pou resous yo pral ogmante, pa sèlman pou efò soulajman moun kap soufri an konsekans katastwòf la, men pou remete sou pye sèvis sa yo ki bay yon sipò ki enpòtan anpil epi pou pwogram ki defann la pè ak dwa fanm ki te egziste depi anvan tranbemandtè a frape Ayiti.
2. Sistèm livrezon èd ak asistans dwe pou yo respekte prensip non-diskriminasyon an e ranpli bezwen ki prezante pami gwoup moun ki pi ekspoze yo, tankou fanm ansent epi fanmi ki gen fanm ala tèt yo. Prensip dwa moun lan ki entèdi tout diskriminasyon an dwe pou li reprezante poto mitan tout travay imanitè ki swiv yon katastwòf. Tout moun ki siviv katastwòf yo gen dwa egal-ego pou yo resevwa èd ak asistans, men si yon travay pa fèt pou idantifye bezwen sèvis de baz ki patikilye a gwoup ki pi ekspoze yo tankou timoun ki pako rive laj majorite e ki pa akonpaye pa yon granmoun, moun ki andikape, fanm ansent e fanmi ki gen fanm ala tèt yo nan prese pou dekese asistans la, sa pral fè yo pa respekte dwa sa a nan ka sèten moun. Anplis de sa, sivivan yo pa dwe pou yo vin pi ekspoze ankò paske aksè pou yo jwenn asistans lan depann de si yo gen estati legal oubyen papye ofisyèl. Travay pou touche popilasyon ki dezavantaje nan zòn ki andeyò lavil Pòtoprens dwe pou li asire asistans ijans lan rive jwenn tout moun ki nan bezwen.
Dapre sa òganizasyon entènasyonal mouvman fanm yo deja konnen depi lontan, fanm yo souvan viktim inegalite ak majinalizasyon – sitou nan peyi ki pi pòv yo, tankou Ayiti – e bezwen pa yo vin envizib e sa preske pa janm rive pou bezwen sa yo satisfè. Sityasyon an vin pi grav pandan ijans ak katastwòf. Dapre sa nou aprann de sè ayisyèn nou yo, nan kondisyon dramatik jan yo ye kounyè a, pa gen anpil efò ki fèt pou satisfè bezwen ki se bezwen fanm yo. Fon Nasyonzini pou Popilasyon (FNUAP) fè estimasyon ki montre gen 37.000 fanm ansent pami moun ki siviv tranblemandtè an, nan yon peyi ki, lè bagay yo pa pi mal, gen to mòtalite manman ki pi wò nan Emisfè Wès la. Chak ane, pou chak 100.000 nesans vivan, 670 fanm ayisyèn mouri pou rezon ki gen rapò ak gwosès lan e sèlman 26% nan fanm Ayiti yo akouche avèk asistans yon doktè oubyen yon matròn pwofesyonèl. Donk, pwovizyon de baz ajans imanitè yo pote dwe obligatwaman gen ladan yo pwovizyon pou sante fanm e pou sekirite fanm ak tifi, san bliye pasyan ki gen VIH/SIDA e fanm ansent oubyen ki tap bay tete men ki pèdi tibebe yo. Tretman doktè pandan akouchman e ijans obstetrik/jinekolojik – tankou paregzanp foskouch kote se twomatism oubyen enfeksyon nan vajen ki lakòz – dwe pou fèt imedyatman sitou pou fanm ki lwen lavil.
3. Se pou entèvansyon imanitè yo gen ladan yo yon atansyon ijan pou enpak sikolojik katatstwòf la, e sou nesesite pou moun pase yon peryòd dèy epi reprann yo. Fanm ak fanmi yo dwe pou yo resevwa yon swivi sikolojik ki imedya, sifizan e ki adapte ak kilti yo apre gwo dezas sa a ki twomatize anpil moun, pou kondisyon kapab kreye pou yo kapab reprann tèt yo e pase yon peryòd dèy pou kokennchenn pèt sa a. Pral genyen anpil gwoup ann Ayiti e nan rejyon an ki konnen pi byen kijan pou ede moun, e se pou yo resevwa asistans nan efò yo fè pou ede Ayisyen idantifye mèyè entèvansyon nan domèn nan.
Pou ankouraje peryòd dèy e rekiperasyon an, se yon bagay ijan pou apiye travay pou jwenn kadav yo e byen dokimante rezilta rechèch sa a, analiz jidisyè ki fèt apre moun mouri nan evènman an epi etabli yon baz done ADN pou kenbe enfòmasyon jenetik viktim ki mouri yo pou kapab idantifye kò yo e antere yo ankò lè bagay yo vin mwen difisil. Yon egzanp sou jan efò sa a kapab itil se nan kesyon Grann yo nan Plaza de Mayo nan peyi Ajantin, ki òganize yon baz done ADN pou rekonekte pitit moun ki disparèt yo ak fanmi yo, e yo sèvi ak menm kalite metòd sa yo pou idantifye kadav apre masak.
4. Nou rekòmande yon espas ki gen sekirite pou fanm epi pou omoseksyèl fanm kon gason, transeksyèl e moun entèseksye pou yo reyini e òganize ; sa se yon konsiderasyon esansyèl etan done tandans pou vyolans ki baze syo kesyon fanm ak gason vin pi grav nan sityasyon kriz.[2] Se yon nesesite ijan pou otorite yo pran dispozisyon pou anpeche tout kalite vyolans ki baze sou kesyon fanm ak gason, ki se yon kalite vyolans ki gen tandans ogmante nan sityasyon katastwòf ki menm jan ak sa ki pase ann Ayiti. Se yon kalite vyolans ke moun wè le pli souvan nan kan pwoviswa yo. Ki fè, youn nan konsiderasyon sekirite ki pi ijan ki swiv yon katastwòf se pwoteksyon moun kont vyolans ki baze sou kesyon fanm ak gason. Se pou dispozisyon mete an plas pou asire sekirite nan aksè pou jwenn pwovizyon de baz, san bliye sekirite nan abri pwovizwa yo e nan sit kote yo reyenstale apre katastwòf la fè yo deplase kite lakay yo. Dispozisyon sa yo dwe an plas pou fanm, tifi, omoseksyèl, lezbyèn, transeksyèl e moun entèseksye epi tout lòt gwoup ki riske tonbe anba eksplwatasyon seksyèl e ki ta bezwen sèvis prevansyon e tretman kont VIH/SIDA. Li esansyèl tou pou yo monte tant ki la pou fanm sèlman oubyen pou yo kreye sant kominotè, sètadi espas otonòm kote fanm ak omoseksyèl, lezbyèn transeksyèl e moun entèseksye kapab reyini pou yo òganize tèt yo e aji kolektivman.
Kòm bezwen sa a egziste pou kreyasyon yon espas kote fanm kapab vini an sekirite, se sak fè yo kreye Kan solidarite feminis entènasyonal Myriam Merlet, ki tabli nan Jimani kote fwontyè ant Ayiti e Repiblik Dominikèn. Kan sa a, se gwoup fanm ann Ayiti, Repiblik Dominikèn e lòt peyi tou nan Amerik Latin, Karayib lan epi lòt kote ankò ki òganize li. Se pou deplasman pou travèse fwontyè soti Ayiti pou rive Repiblik Dominikèn nan fasilite pou fanm epi pou fanm defansè dwa moun, pou yo kapab rive nan kan solidarite sa a.
Kan an se yon sant resous pou efò solidarite entènasyonal kap voye resous direk bay fanm Dayiti yo ; yon sant kominikasyon ki pral gen ladan l transmisyon pa radyo a travè Entènèt – se FIRE (Feminist Radio Endeavor – Efò Radyo Entènasyonal Feminis) ki mete sa sou pye, epi tou rezo elektronik ke rezo kominikasyon fanm monte nan tout rejyon an ; e yon dispansè pou ede moun fè fas ak tristès, blesi, twomatis ki se konsekans tranblemandtè an. Li pral sèvi kòm sant pou defansè dwa moun ki soti Ayiti, pou yo kapab veye, denonse e egzije reparasyon pou vyolasyon dwa fanm e lòt abi dwa moun ki se rezilta dezas la e konsekans li. Defansè dwa moun yo pral elabore tou yon seri efò pledwari nan diferan nivo, anba direksyon fanm ayisyèn, pou yo asire èd ak asistans kap antre yo distribye nan lide pou respekte dwa kon gason epi pou òganizasyon fanm yo jwenn estati yo kòm youn nan gwoup prensipal yo ki fè tande vwa yo nan rekonstriksyon sou kou tèm ak mwayen tèm. Kan an pral konsantre tou sou rekiperasyon istwa mouvman feminis e mouvman fanm ann Ayiti.
5. Bayè yo dwe pou yo distribye fon yo non sèlman pou soulaje soufrans dezas la koze, men tou pou deside sou jan pou yo distribye èd ak asistans distribye lan yon jan pou garanti dwa moun ak devlopman peyi a sou lon tèm. Nan yon gwo katastwòf, gen anpil lajan ki kapab antre nan peyi ki sibi katastwòf lan. Depi yo sispann pale de katastwòf la nan nouvèl, sètadi apre yon peryòd ki kapab dire ant sis ak wit mwa, finansman an kòmanse sispann menm pandan bezwen yo non sèlman pa diminye men yo gen tandans ogmante nan peryòd ki swiv katastwòf lan. Lè toupatou resous yo vin manke, òganizasyon dwa fanm ak lòt òganizasyon sosyete sivil yo souvan rive jwenn mwens resous pou travay imanitè yo fè e pou travay prensipal yo tou.
Finansman pou siyasyon ijans yo pa dwe konsantre sou efò soulajman imedya yo sèlman : sa ta yon mank de vizyon. Sitou nan sityasyon enstabilite politik, menm jan Ayiti konn genyen, kesyon sekirite yo anvan e apre dezas la makonnen ansanm e sa mande yon apwòch ki trete tout pwoblèm nan e pa sèlman yon pati ladan l. Donk, an menm tan finansman pou ijans lan ap antre, se pou yo mentni oubyen rezève alokasyon tou pou pwoblèm kritik ki gen rapò ak la pè ak sekirite, tankou paregzanp prevansyon vyolans epi restore dwa moun. Kwak bezwen imanitè yo ijan nan yon katastwòf, sa pa vle di se pou finansman an chanje radikalman, pase sa kapab vin fè gen yon « eksè finansman » pou inisyativ imanitè yo, e finansman pou rekonstriksyon sosyete sivil e mouvman sosyal ann Ayiti yo pa resevwa finansman ki sifizan.
Peyi bayèdefon yo gen pou yo apiye apèl peyi Lafrans fè pou akselere anilasyon dèt eksteryè Ayiti an. Dènyèman, Fon Monetè Entènasyonal (FMI) dekese tou yon prè pou 114 milyon dola US pou pwolonje prè 165 milyon dola li te deja akòde Ayiti anba yon Mekanis pou elaji kredi an (MEC). Se pou kominote entènasyonal la fè FMI respekte angajman li bay la : « prè 100 milyon dola a pa vin ak okenn kondisyonalite. Se yon pre ki bay nan yon sityasyon ijans pou ede remete ekonomi ayisyèn nan sou pye. » Direktè Jeneral FMI an, Dominique Strauss-Kahn di se yon pre « san enterè » ki probableman « finalman pral vin tounen yon don, » si kominote entènatsyonal la dakò pou li anile dèt Ayiti an. Si yo pa retire kondisyon yo e si prè yo pa konvèti an don, kondisyon neyo-liberal ki akonpaye prè sa yo pral tou senpleman agrave povrete ki deja ap mete baton nan wou peyi an.
6. Reyaksyon a katastwòf lan ki fèt ak yon gwo deplwaman militè dwe pou li a la long ranplase ak yon patisipasyon sosyete sivil lan e defansè dwa fanm ak dwa moun nan reyabilitasyon e rekonstriksyon peyi an. Se yon bagay ki te lejitim pou Etazini, Nasyonzini e lòt peyi voye yon kokennchenn fòs militè ann Ayiti. Youn nan rezon ki fè sa te korèk se pase leta ayisyen pat sifizaman an mezi pou li antreprann entèvansyon imanitè yo. Men te gen yon gwo prezans militè nan peyi an deja akoz de konfli ki te gen anvan yo, e yon pi gwo angajman militè ann Ayiti ki dire plis pase yon ti tan kout kapab lakòz lòt risk ki pi grav ankò e menm riske fè vyolans lan ogmante sou lon tèm nan. Esansyèlman, pwoteksyon ak sekirite pa kapab garanti san envestisman nan resous ak efò pou rekonstwi leta ak sosyete sivil lan. Fanm ki defansè dwa moun yo e lòt militan dwa moun dwe pou yo resevwa tout sipò yo bezwen pase yo jwe yon wòl ki enpòtan anpil nan pwosesis sa a.
Dokiman sa a resevwa apwobasyon gwoup kap swiv yo ki se manm Kowalisyon Entènasyonal fanm Defansè Dwa Moun
Asia Pacific Forum on Women, Law and Development (APWLD)
Asian Forum for Human Rights and Development (Forum Asia)
Association for Women’s Rights in Development (AWID)
Baobab for Women’s Human Rights
Center for Reproductive Rights (CRR)
Center for Women’s Global Leadership (CWGL)
Coalition of African Lesbians (CAL)
Front Line International Foundation for the Protection of Human Rights Defenders (Front Line)
Human Rights First
Information Monitor (Inform)
International Federation of Human Rights (FIDH)
International Service for Human Rights (ISHR)
International Women’s Rights Action Watch Asia Pacific (IWRAW-AP)
ISIS-Women’s International Cross-Cultural Exchange (ISIS-WICCE)
The Latin American and Caribbean Committee for the Defense of Women’s Rights (CLADEM)
MADRE (International Women’s Rights Organization)
Urgent Action Fund for Women’s Human Rights (UAF)
Women’s Initiative for Gender Justice (WIGJ)
Women Living Under Muslim Laws (WLUML)
World Organization against Torture (OMCT)
Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Kowòdinatris WHRD IC an, ki rele Mary Jane N. Rela: whrd@apwld.org
www.defendingwomen-defendingrights.org
[1] Fanm militant ki soti peyi Kolombi nan Organizaciòn Femenina Popular (OFP) nan: Barry, Jane avèk Nainar, Vahida. 2008. Women Human Rights Defenders’ Security Strategies: Urgent Action fund, Kvinna Till Kvinna, Front Line for the Protection of Human Rights Defenders, p. 87.
[2] Konsilte tou Inter-Agency Standing Committees (IASC) Komite pèmanan entè-ajans: Guidelines on Gender-Based Violence Interventions in Humanitarian Settings.



