Take Action: March 8th, Centenary International Women's Day 2010: Women Worldwide Will Honor The Lives Of Feminist Leaders Who Died In Haiti's Earthquake
Take Action: March 8th, Centenary International Women's Day 2010: Women Worldwide will Honor the Lives of Feminist Leaders who Died in Haiti's Earthquake in Creole
LE 8 MAS, SANTNÈ JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM 2010, YO MANDE POU TOUT FANM SOU LATÈ ONORE LAVI LIDÈ FEMINIS YO KI PÈDI LAVI YO NAN TRANBLEMANDTÈ ANN AYITI A
Prensipal aktivite Jounen Entènasyonal Fanm nan dat 8 mas 2010 la, se pral yon omaj pou lavi lidè feminis ayisyèn yo ki mouri nan kokennchenn tranblemandtè le 12 janvye an. Dat sa se pral 100e anivèsè fèt sa a ki selebre chak ane.
Prensipal aktivite an pral fèt jou sa a nan Plas Catherine Flon sou Chandmas lan nan lavil Pòtoprens, yon plas ki reprezante patisipasyon fanm ayisyèn nan la ge Endepandans ki pase gen plis pase 200 lane.
Se divès òganizasyon fanm kap travay sou teren an ann Ayiti ki pral monte aktivite sa a pou rekonnèt e onore tout soufrans moun sibi nan katastwòf sa a ann Ayiti, pou fè pwomosyon prensip feminis yo ki fonde sou dwa tout moun, batay tout moun ap mennen pou byenèt yo e amenajman teritwa an. Anplis de sa, gwoup ki òganize aktivite an pral montre soutyen yo pou batay feminis la malgre jan yo pèdi gwo lidè nan mouvman feminis lan, yo pral ranfòse solidarite yo, e devwale yon MEMORIA ki pral prezante sou fòm de temwayaj, yon miral e yon diaporama.
Mouvman fanm ann Ayiti an mande gwoup fanm yo sou tout latè pou yo òganize yon aktivite ala memwa viktim sa yo nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Fanm yo pral fè nan peyi yo e nan kominote yo.
“Nap mande òganizasyon sou tout latè pou, ansanm avè nou, yo onore e montre lapenn yo pou jan nou pèdi militant feminis sa yo; sa pral pèmèt nou revitalize e refè elan mouvman fanm ayisyèn lan pou nou kontinye pouse pi devan nan travay enpòtan lidè nou yo tap fè anvan yo tonbe, et eritaj yo kite pou noumenm kap kontinye travay lan,” se sa Lise Marie Dejean, ki se yon manm nan Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA), di.
Li eksplike tou jan feminis yo ki la toujou yo pral òganize yon aktivite sou plas….ann Ayiti menm jou sa a kote sèten moun pral pale de sa yo aprann nan men twa lidè feminis yo pral onore yo: Myriam Merlet, Magali Marcelin e Anne Marie Coriolan.
Tou le twa lidè sa yo te pase anpil lane nan militans feminis pou yo refòme yon sistèm jidisyè ki pat janm pran zak kadejak lan oserye, pou yo kreye òganizasyon ak mezon pou pwoteje tifi ak fanm kont vyolans ki fèt lakay yo e kont trafikan moun, yo te pibliye yon jounal feminis, yo te agrandi yon sant dokimantasyon e yon achiv sou listwa, e yo te batay pou dwa seksyèl ak dwa fanm pou yo deside sou kesyon fè pitit.
Myriam Merlet te yon militant feminis, e yon konseyè e ansyen chèf kabinè Ministè Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm. Madam Merlet te yon militan ki te toujou leve vwa li byen wo pou prensip li te defann yo, e li te ede dirije atansyon entènasyonal lan sou jan yo sèvi ak kadejak tankou yon zam polititk epi li te milite tou sou lòt kesyon ki gen rapò ak vyolans yo fè kont tifi ak fanm. Madam Merlet se te youn nan fondatè ENFOFANM, ki se premye sant enfòmasyon e dokimantasyon feminis ki fè pwomosyon dwa fanm tou.
Magali Marcelin, ki te yon avoka, yon militant e yon aktris, te mande tout fanm pou yo vini an foul nan yon sal tribinal ann Ayiti gen de lane de sa, e li te reyisi konvenk jij la pou li jwenn yon gason koupab lè msye te fin bat madanm li. Madam Marcelin se te fondatris Dwa Fanm, yon òganizasyon ki okipe de kesyon vyolans familyal, e ki ofri sèvis ak abri bay fanm. Òganizasyon sa a ofri mikrokredi, oubyen prè, bay fanm kap travay nan mache.
Anne Marie Coriolan te travay kòm premye konseye nan Ministè Kondisyon Feminin lan. Gras a travay limenm ak kolèg li, ministè a te elabore gwo inisyativ pou fè moun pran konesans sou kesyon vyolans ki fèt kont fanm e li te kreye pwogram pou ede fanm jwenn endepandans yo nan kesyon lajan. Madam Coriolan te fondatris Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA), ki se yon òganizasyon ki fè pledwari e ofri sèvis.
Pou onore twa lidè feminis sa yo, ki pami lòt ki pèdi lavi yo nan tranblemandtè an, gen aktivite ki pral òganize sou tout latè. Gen ladan yo yon tablerond espesyal nan Syèj Nasyonzini nan vil Nouyòk pandan rankont Komisyon sou kondisyon fanm (CCF). Komisyon sa a, se Kan feminis solidarite entènasyonal lan, CAFRA (Asosyasyon Karayibeyen pou Rechèch ak Aksyon feminis), Komisyon Hurairou, Asosyasyon pou dwa fanm ak devlopman (AWID), avèk anpil lòt òganizasyon ak rezo ki òganize li.
Akt CCF lan, ki pral fèt pandan seyans +15** vil Peken nan peyi Lachin, pral gen ladan yo yon panèl sou fanm ann Ayiti ki pral bay kòm rezilta yon pwopozisyon rezolisyon pou CCF lan adopte konsènan Ayiti e fanm ayisyèn. Òganizasyon ak rezo fanm yo deklare lemonn reyaji ak gwo emosyon e aksyon rapid lè tranblemandtè an devaste peyi Dayiti le 12 janvye. Men, sekou ijans sa yo kapab swa bay jarèt a lidèchip fanm e otonomi kominote an, oubyen tou li kapab enpoze yon pouvwa ki òganize yon jan ki inegal, li kapab tou mennen reyaksyon ki baze sou fòs militè, e li kapab lakòz depandans. Plizyè òganizasyon deja ap travay pou fè yo tande vwa fanm kounyè an, nan desizyon ki pran sou sekou ijan yo, e nan rekonstriksyon peyi Dayiti. Anplis de sa, gwoup fanm yo ap travay pou garanti respè dwa zimen fanm yo nan sityasyon kriz sa a e nan mwa ki pral vini yo.
Nan lòt peyi, òganizasyon fanm nan peyi Chili, Ajantin, Ondiras, Pòto Riko, Brezil, Kanada, ak lòt peyi ankò deja anonse aktivite lokal pou 8 mas la. Anplis de sa, Kan Entènasyonal Feminis la mande gwoup ki rele Nobel Women’s Initiative pou li fè yon deklarasyon solidarite.
Inisyativ sa a pou komemore 8èm jou nan mwad mas lan te vin pran fòm pandan yon reyinyon fanm ayisyèn ki te fèt nan jounen 24 janvye an nan Pòtoprens, e apre sa yo adopte li nan reyinyon Amerik Latin ak Karayib pou gwoup Kan Feminis Myriam Merlet, Magali Marcelin e Anne Marie Coriolan an. Dezyèm reyinyon sa a fèt Sen Domeng nan jounen 26 ak 27 janvye ki fèk pase la a.
Catherine Flon se yon fanm anpil Ayisyen konsidere tankou youn nan ewo batay ki te fèt pou sispann afè esklavaj lan. Se Catherine Flon ki koud premye drapo ayisyen an le 18 me 1803 pandan dènye seyans kongrè kolonyal lan kote lidè revolisyon an “sèmante sou la libète ou lanmò sou drapo an ki apre sa te vin ede esklav yo rive jis yo soti viktorye e yo pran libète yo. Sèman sa a se Sèman Zansèt yo.
Jounen Entènasyonal pou tout Fanm lan te vin kreye pandan fanm tap fè aktivite sendikal pandan diznevyèm ak kòmansman ventyèm syèk yo, e jounen sa a tabli fòmèlman pandan Rankont Entènasyonal Sosyalis lan nan vil Kopenag nan peyi Danmak nan lane 1910. Te gen plis pase 100 fanm ki te soti nan 17 peyi ki patisipe nan rankont sa a.
Jounen Entènasyonal pou fanm lan te vin agrandi e, piti-piti, plis peyi te vin selebre li, e nan lane 1977, Asanble Jeneral Nasyonzini an adopte yon rezolisyon ki pwoklame yon Jounen Nasyonzini pou Dwa Fanm e pou La Pè Entènasyonal. Lè li vote rezolisyon sa a, ONI “rekonnèt wòl fanm jwe nan efò pou la pè ak devlopman e mande pou diskriminasyon sisapann e pou plis sipò pou yon patisipasyon fanm ki a 100% e ki egal.”
** Peken +15 se yon rankont kap fèt 15 lane apre Konferans Mondyal sou Fanm ki te fèt nan vil Peken.



